Articles

Affichage des articles du novembre, 2022

De (2) ti mo nan deba sou reouvèti lekòl la

Image
  M salye tout moun (patikilyèman pwofesè ak lòt aktè nan sistèm edikasyon an) ki resevwa mesaj sa a. M tande, avèk anpil swen, anpil entèvansyon sou sa ki gen pou wè ak Reouvèti lekòl la. M ap mande tèt mwen si pwofesè ak lòt moun ki kont ouvèti lekòl la pa gen pitit lekòl nan peyi a... M konprann bagay yo grav anpil ! Wi, fòk nou lite pou sa chanje.  Men, èske lit la ka rezime ak kite pòt lekòl fèmen pandan anpil lòt aktivite ap mache ( menm si se oralanti)? Lè nou bezwen soti, nou fè l. Nou al legliz, n al labank, n al nan mache, gen nan nou ki vwayaje. Moto ak machin te toujou ap kouri, menm lè gaz la te nan ant 800 a 1000 dola! Jis panse ak pitit yon pwòch ou ( Les tenants de la non-reouverture des classes n'ont peut-être pas d'enfants ici ) ki sou wout pou pèdi yon ane lekòl, epi w ap konprann. Jis raple w sa fè anpil tan pat janm te konn gen gaz nan ponp, sa pat anpeche lekòl fonksyone. Depi 2018, moun ap manifeste nan lari. Ki rezilta?  Depi semèn 22 out, manifest...