De (2) ti mo nan deba sou reouvèti lekòl la
M salye tout moun (patikilyèman pwofesè ak lòt aktè nan sistèm edikasyon an) ki resevwa mesaj sa a.
M tande, avèk anpil swen, anpil entèvansyon sou sa ki gen pou wè ak Reouvèti lekòl la. M ap mande tèt mwen si pwofesè ak lòt moun ki kont ouvèti lekòl la pa gen pitit lekòl nan peyi a...
M konprann bagay yo grav anpil ! Wi, fòk nou lite pou sa chanje. Men, èske lit la ka rezime ak kite pòt lekòl fèmen pandan anpil lòt aktivite ap mache ( menm si se oralanti)? Lè nou bezwen soti, nou fè l. Nou al legliz, n al labank, n al nan mache, gen nan nou ki vwayaje. Moto ak machin te toujou ap kouri, menm lè gaz la te nan ant 800 a 1000 dola!
Jis panse ak pitit yon pwòch ou ( Les tenants de la non-reouverture des classes n'ont peut-être pas d'enfants ici ) ki sou wout pou pèdi yon ane lekòl, epi w ap konprann.
Jis raple w sa fè anpil tan pat janm te konn gen gaz nan ponp, sa pat anpeche lekòl fonksyone. Depi 2018, moun ap manifeste nan lari. Ki rezilta?
Depi semèn 22 out, manifestan yo te pran lari a ak pwen sa yo nan kaye revandikasyon yo:
Lavi a chè (men, sak diri pa t ko menm vann $700ht, galon gaz la pa t ko vann menm 500dola. Sa vle di, pri transpò pa t ankò egzajere jan l ye a);
Ensekirite ( kounya a, gang yo vin plis sou brenzeng yo, yo enstale baz yo kote yo pat ko ye, yo touye, yo boule, yon nouvo fòmil...);
Depa Aryèl ( depi yon bon bout tan, mobilizasyon pa jete pouvwa. Fòk nou ekate n de emosyon, chita, defini yon lòt fòmil revandikasyon ki ka fè n jwenn sa n bezwen yo. Men, se yon travay ki mande anpil tan [ak sansibilizasyon], patikilyèman nan sektè edikasyon an...).
Met sou sa, pandan ane ki sot pase a, te toujou gen pwoblèm gaz, yo te toujou ap kidnape tout kalte moun nan peyi an, ensekirite a te toujou ap lage moun tout kouch atè... Sa yo pat fè n mande pou lekòl te fèmen! Kounya a, pandan n ap fè mouvman kont bagay yo, yo vin pi mal. Se tankou yon remèd ou pran pou yon maladi, li rann ou vin pi malad, poutan w kontinye pran menm medikaman a yon pi gran dòz, olye w konsilte yon lòt medsen pou yon lòt medikaman ki ka rezoud pwoblèm nan.
Ou kòm gen enpresyon ouvèti lekòl la pa enterese otorite yo. Kounya a, lè w di w p ap fè anyen pou fasilite ouvèti lekòl la malgre bagay yo difisil anpil se tèt ou wap pini. Nou dwe antann nou kan sosyete sivil la pou n jwenn yon fason pou timoun yo pa pèdi avni yo, ki se lekòl la ( se pa barikad).
Jodi a, kite lekòl fèmen, se manke entèlijans, se kontinye fouye yon twou pou n peri pi vit. Menm kote ki gen lagè, lekòl pa fèmen pou sa, paske yo sonje enpòtans li genyen.
Menm jan ak sitwayen eklere nan vil Senmak yo, ki konprann jwèt dirijan yo ap jwe an, chak komin ka reyini ak notab yo: Komisè Gouvènman, lapolis, sektè pwotestan, legliz katolik, laprès, lidè manifestasyon yo, sandika chofè taksi elatriye, pou deside e planifye ouvèti a. Men sa ka mande plizyè reyinyon anvan sa vin debouche sou yon konferans pou laprès pou entèpele paran yo, mete yo an konfyans pou timoun yo antre lekòl. Menm jan ak labank, lekòl la ka poko ka fèt 5jou. Men rete fèmen an, c'est la pire des choses, et les tenants n'ont qu'à tirer l'échelle.
M ta ankouraje n panse ak avni peyi an. San lekòl, oswa 6 mwa lekòl nan yon ane, evolisyon jenerasyon nou an vin ralanti nan sa ki gen pou wè ak mobilite sosyal la. Ou pral jwenn plis delenkans, plis devyan, plis bandi, ak moun ki pa gen nivo pou panse. San lekòl, se plis wout n ap kreye pou peyi a vin rive yon moman kote nou pa vo anyen, epi pou lòt moun vin jere bout tè sa a nan plas nou. Nou pral travay pou yo lè sa a, nan men yo petèt !
"Pou fini, m konseye n chanje diskou an pou lekòl la louvri. Chanje panse n ak diskou n, se bay peyi a yon ti chans ankò, sa vle di yon ti kras lespwa, san n pa dwe bliye refòm ki dwe fèt nan sistèm nan".
Se panse w ki dikte w sa w ap di, se sa w ap di ki dikte w sa pou w fè, se sa w ap fè ki pral bay destine w (kidonk destine peyi w).
Par: Jorest FÉVRY, linguiste/Économiste de formation, Mémorant en Sciences de l'Éducation, Maître de Cérémonie, Conférencier, Auteur, Professeur de langues vivantes, Coordonnateur Général du Collectif des Leaders pour une Action Réussie en Haïti (CLARH) & Club de Développement personnel.
Tel.: +509 3622 3434/ 3214 9572
Email: fjorest@yahoo.com
Commentaires
Enregistrer un commentaire